Accessibility links

Breaking News

Trump di Kèk Blan Sid Afriken Oprime, Kidonk Etazini Taka Ofri yo Refij


Foto Achiv: Prezidan Donald Trump pale nan Mezonblanch la.
Foto Achiv: Prezidan Donald Trump pale nan Mezonblanch la.

Gwoup ki reprezante minorite blan Afrik di Sid la reponn yon plan Prezidan Etazini Donald Trump prezante kote l ofri yo stati refije ak posibilite pou yo re-loje Ozetazini. Yo di mèsi - men non mèsi.

Plan an detaye nan yon dekrè prezidansyèl Trump siyen Vandredi ki sispann tout asistans ak lòt asistans finansye pou Afrik di Sid kòm pinisyon pou sa administrasyon an dekri tankou: "vyolasyon dwa" blan Sid Afriken yo.

Gouvènman Sid Afriken an demanti akizasyon an.

2 gwoup Afrikaners ki gen plis renome yo deklare Samdi yo pap fè yon pa - men yo remèsye Etazini pou òf la.

XS
SM
MD
LG