Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Federal Jwenn Administrasyon Trump la Pa Suiv Konplètman Lòd li Pase pou Debloke Lajan Leta


Yon jij federal jwenn ke administrasyon Trump la pa konplètman suiv lòd li pase pou debloke depans federal yo e li pase lòd bay Lamezonblanch pou l debloke tout lajan li jele a.

Jij federal John McConnell jwenn Lendi ke gen prèv ke kèk don ak prè federal pa rive jwenn benefisye yo e li pase lòd pou yo debloke tout lajan kach leta dwe moun sa yo.

McConnell te pase lòd anvan sa pou bloke plan administrasyon Trump la genyen pou l jele depans federal yo.

Administrasyon Repibliken an di poz la te nesesè pou asire depans federal yo konfome ak ajènda prezidan an.

Lòd la vini nan moman yon afè 24 eta asiyen administrasyon an.

XS
SM
MD
LG