Administrasyon Trump lan te deja mete de chèf sekirite prensipal nan Ajans ameriken pou Devlopman entènasyonal (USAID) an konje, apre yo te refize remèt materyèl sekrè, nan kèk zòn rezève, bay ekip Elon Musk kap fè enspeksyon nan gouvènman an.
Se sa yon responsab aktyèl ak yon ansyen responsab ameriken ki okouran ensidan an te di, sou kondisyon pou yo pa revele non yo. Apre sa, ansyen responsab la di manm Depatman Efikasite Gouvènman an (DOGE), ki anba kontwòl Musk, te finalman te jwenn aksè samdi nan enfòmasyon klasifye ajans la, ki gen ladan yo rapò ransèyman.