Accessibility links

Breaking News

Sit Entènèt USAID Dezaktive Akoz Kanpe Administrasyon Trump la Fè sou Asistans Etranje Etazini Toupatou nan Mond lan


Foto Achiv: Yon neg pase bo kote bwat kes asistans imanite USAID nan yon depo nan Cucuta, Kolonbi, 21 Fevriye 2025.
Foto Achiv: Yon neg pase bo kote bwat kes asistans imanite USAID nan yon depo nan Cucuta, Kolonbi, 21 Fevriye 2025.

Sit entènèt USAID a dezaktive san okenn esplikasyon apre administrasyon Trump la deside kanpe tout asistans etranje Etazini ap vay ak finansman pou devlopman toupatou nan mond lan. Trump te pran desizyon an yon ti tan apre li te monte sou pouvwa a, 20 Janvye.

Demokrat yo nan Kongrè Etazini ap kritike de plizanpli kanpay sere-boulon Trump ap mennen kont ajans la.

Yo lanse avètisman tou kont nempot tantativ administrasyon Trump la ta fè pou mete fen nan endepandans USAID antanke ajans gouvènman an epi absobe li nan Depatman d Eta a.

Plizyè milye revokasyon ap kontinye nan kominote asistans global la akoz administrasyon an bloke plizyè milya dola asistans imanitè, devlopman ak sekiritè.

XS
SM
MD
LG