Accessibility links

Breaking News

Trump Enpoze Tarif Kont Kanada, Meksik ak Lachin


Prezidan Donald Trump pran la pawol pandan li siyen dekre prezidansyel nan Biwo Oval Lamezonblanch la, 30 Janvye, 2025.
Prezidan Donald Trump pran la pawol pandan li siyen dekre prezidansyel nan Biwo Oval Lamezonblanch la, 30 Janvye, 2025.

Prezidan Donald Trump siyen yon dekrè Samdi pou enpoze tarif sevè kont pwodui Meksik, Kanada ak Lachin voye vann Ozetazini.

Mezi sa a ann akò ak pwomès Trump te fè pandan kanpay li epitou sa riske deklanche yon to enflasyon ki pi wo epi boulvèse biznis toupatou nan Amerik di Nò a.

Dekrè Trump la gen ladann yon mekanism pou ogmante tarif yo si peyi sa yo pran reprezay kont Etazini - jan yo petèt pare pou fè.

Desizyon an ka gen move konsekans sou ekonomi global la ak pwòp manda politik Trump pou l konbat enflasyon. Sepandan, prezidan Repibliken an pibliye yon mesaj sou rezo sosyal kote l di tarif yo te nesesè "pou pwoteje Ameriken."

Tarif sa yo riske mete Etazini dozado ak 2 pi gwo patnè komèsyal li yo - Meksik ak Kanada - epi gate relasyon komèsyal ki egziste ant yo depi plizyè dizèn lane. Gen posibilite pou 2 peyi yo reponn ak mezi sevè.

Si Etazini mentni tarif yo sa taka lakoz enflasyon an ogmante anpil e petèt minnen konfyans elektè yo genyen ke Trump pral bese pri pwovizyon manje, gazolin, kay, otomobil ak lot byen - jan li te pwomèt pou fè l.

Trump deklare yon ijans ekonomik pou enpoze 10% tarif kont tout pwodui Chinwa ak 25% sou pwodui ki soti Meksik ak Kanada. Sepandan enèji Etazini achte nan men Kanada - tankou petwòl, gaz natirèl ak elektrisite ap gen yon enpo 10% yo menm.

Demokrat yo Reyaji

Lidè Demokrat Chanm Depite Etazini, Hakeem Jeffries (Nouyok) pibliye yon deklarasyon Samdi (1 Fevriye) kote li kritike tarif Trump yo:

"Tarif administrasyon an enpoze yo ke Repibliken Lachanm yo apiye ak fos pap bese lavi chè a pou senp sitwayen Ameriken yo. Olye de sa sa pral fè egzakteman le kontrè - rann lavi a pi chè."

Korespondan VOA nan Kongrè a, Kathrine Gypson kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG