Sekretè d Eta Marco Rubio defann lide pou demantle Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal la (USAID) e li bat bravo pou plan Prezidan Donald Trump ke anpil moun kritike, ki mande pou Etazini pran kontwòl Bann Gaza a.
Rubio te pale konsa Mèkredi pandan yon konferans pou laprès nan Guatemala Siti. Li di administrasyon an te esansyèlman oblije fèmen USAID akoz "entranzijans"anplwaye yo ki te refize respekte demann pou jistifye bidjè yo ak pwogram yo.
Rubio di sigjestyon Trump fè pou Etazini pran kontwòl Gaza se yon òf "trè jenere" pou rekonstwi ak re-devlope teritwa Palestinyen an ke lagè fin ravaje.