Sekretè d Eta Ameriken Marco Rubio se nouvo administratè a.i. Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal la USAID, dapre sa li di jounalis k ap vwayaje ave l nan Amerik Santral ak Karayib la.
Rubio fè konnen li delege otorite a bay yon lot moun, men li an kontak ak moun sa a regilyèman.
"Objektif nou sete antre epi aliyen asistans etranje nou ak enterè nasyonal yo."
Rubio di se pa jodia li fristre ak USAID:
"Fristrasyon mwen ak USAID date de lè mwen te nan Kongrè a. Se yon ajans ki pa reponn kestyon nou poze. Li sipoze konfome l ak direktiv Depatman d Eta yo e li refize fè sa."
Rubio ajoute se lajan enpo senp sitwayen Ameriken yo ki finanse pwogram USAID yo e li pa endepandan.
"USAID pa yon antite non-gouvènmantal endepandan. Li se yon antite ki depanse lajan enpo sitwayen yo e fok li depanse li dapre sa lwa a di, an ako ak politik ak direktiv Sekretè d Eta, Konsèy Nasyonal Sekirite a ak Prezidan an."
Rubio vinn okipe pòs sa a apre anplwaye USAID yo te resevwa lòd pou yo pa vini nan katye jeneral ajans la nan Washington epi moun te ka wè kòdon jon lapolis ak polisye nan antre a pou anpeche yo vini.
Milyadè Elon Musk anonse sou rezo sosyal yo ke Prezidan Donald Trump dakò avèl pou fèmen USAID.
Anplwaye ajans la di yo trake 600 anplwaye ki di yo pat gen aksè ak sistèm òdinatè ajans la nan nuit la.
Ofisye Depatman Sekirite Nasyonal yo te bloke antre a ak yon kòdon ki di "pa travèse".
Demokrat yo di tantativ pou klotire ajans la ilegal.
Korespondan VOA nan Depatman d Eta Nike Ching kontribye a repotaj sa a, kek enfomasyon soti nan ajans nouvel Associated Press