Accessibility links

Breaking News

Rubio: 'Nou Pap Elimine Asistans Etranje; N ap Gen Asistans Etranje Ki Fè Sans'


Sekrete d Eta Marco Rubio pale pandan yon konferans pou lapres ak Prezidan Kosta Riken Rodrigo Chaves nan San Jose, Kosta Rika, 4 Fevriye 2025.
Sekrete d Eta Marco Rubio pale pandan yon konferans pou lapres ak Prezidan Kosta Riken Rodrigo Chaves nan San Jose, Kosta Rika, 4 Fevriye 2025.

Pandan yon vizit nan peyi Kosta Rika Madi, Sekretè d Eta Ameriken Marco Rubio deklare Etazini pap elimine asistans lap bay peyi etranje.

Rubio di: "Nou pap elimine asistans etranje. N ap gen asistans etranje ki fè sans. Nap gen asistans etranje ki fonksyone. N ap gen asistans etranje ki nan enterè nasyonal nou. N ap gen asistans etranje ki benefisye patnè nou fè konfyans ak alye nou yo."

Diplomat pi wo plase Etazini an fè komantè sa a pandan yon konferans pou laprès. Li tap reponn kestyon jounalis yo poze sou kanpe Etazini anonse nan asistans lap bay peyi toupatou nan mond lan.

Rubio presize ke kanpe sa a ap dire 90 jou pou pèmèt yo revize pwogram yo. Li plenyen pou di yo jwen ka kote asistans Etazini te pase nan men 4 kontraktè diferan anvan li te rive jwenn moun li te vize a. Li di tou pa fwa se ant 10 ak 13% lajan Etazini te akode a ki te rive jwenn pwojè a e res la te depanse nan "biwokrasi".

Rubio te rankontre Prezidan Rodrigo Chaves nan San Jose, kote yo te diskite sou imigrasyon.

Apre sa li te vwayaje Guatemala Siti pou rankontre ak prezidan peyi sa a.

Korespondan VOA nan Depatman d Eta, Nike Ching, kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG