Accessibility links

Breaking News

LONU di Etazini Mande pou Sispann Tou Suit Kontribisyon Finansye l pou Fòs Sekirite Miltinasyonal Ayiti a


Polisye Kenyan ki fe pati fos miltinasyonal LONU apiye a kanpe sou pis aterisaj ayeropo entenasyonal Toussaint Louverture la nan Potoprens, 18 Janvye 2025.
Polisye Kenyan ki fe pati fos miltinasyonal LONU apiye a kanpe sou pis aterisaj ayeropo entenasyonal Toussaint Louverture la nan Potoprens, 18 Janvye 2025.

Pòtpawòl Nasyonzini, Stephane Dujarric deklare Madi Etazini sispann kontribisyon li pou fòs sekirite miltinasyonal pou Ayiti a, efektiv imedyatman.

Dujarric di: "Nan sa ki konsène Ayiti, nou resevwa yon notifikasyon ofisyèl ke Etazini voye ba nou ki mande pou sispann antant travay sou kontribisyon yo pou fòs sekirite miltinasyonal la."

Lè jounalis yo mande ki lòt detay li genyen sou sa, Dujarric te fè konnen ke Etazini te pwomèt $15 milyon pou Trust Fund la. Gen $1,7 milyon ki deja finn depanse. Gen $13,3 milyon ki bloke kounyea.

Jounalis yo mande si LONU pral oblije remèt Etazini lajan sa a.

Dujarric reponn: "Non, pou kounyea, li sèlman konjle."

Depatman d Eta te pase lòd 24 Janvye pou "kanpe travay" sou tout asistans etranje Ameriken, epi sispann debousman nouvo asistans. Mezi a te vini apre Prezidan Donald Trump te pase lòd pou yo pran yon poz 90 jou pou revize si debousman asistans etranje Etazini ann akò ak politik "Amerik an Premye" li a.

Dapre enfòmasyon VOA jwenn, se Biwo Entènasyonal Dwòg ak Ranfòsman Lwa (INL), ki fè pati Depatman d Eta Etazini, ki te voye lòd bay LONU pou sispann asistans Ameriken pou fòs la 28 Janvye.

Malgre misyon miltinasyonal la pa yon misyon LONU, se Nasyonzini ki jere Trust Fund pou fòs la.

Nan mwad Mas 2024, Sekretè d Eta Antony Blinken te anonse Etazini tap kontribye $100 milyon pou apiye fòs sekirite miltinasyonal Kenya ap dirije, e ki gen kòm bi pou ede polis nasyonal Ayiti konbat zak vyolans gang yo.

Nan mwad Fevriye 2023, Etazini te pwomèt pou l kontribye $200 milyon pou MSS la.

Aktyèlman, gang ame yo kontwole 85% Potoprens, dapre done Polis Nasyonal Ayiti (PNH) pibliye.


Korespondan VOA nan Nasyonzuni Margaret Besheer ak Korespondan VOA nan Depatman d Eta Nike Ching kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG