Plizyè pòt lekòl fèmen. Kèk direksyon lekòl voye mesaj bay paran yo pou di yo pa pran lari mennen timoun yo lekòl maten an, akoz rimè menas vyolans ki t ap peze sou Pòtoprens jodi lendi a.
Soti Tijo, pase Kanapevè, monte Lali, li ra pou w wè elèv nan lari a.
Yon lòt bò, machin transpò piblik yo, tankou kamyonèt, ti bis, tap tap... pa anpil nan lari Pòtoprens.
Kèk antrepriz pa fonksyone a 100%.
N ap fè sonje depi weekend nan, gwoup nèg ak zam te menase y ap pran lari a jodi lendi a.
Bò kote pa l, Polis Nasyonal Ayiti a ranfòse prezans li nan kapital la epi ap veye anwo veye anba pou kontrekare tout aktivite dwòl nan kapital la.
Popilasyon an rete sou brenzeng li. Brigad otodefans nan Kanapevè bay plizyè jèn gason bwa kale poutèt yo ta nan sa k pa sa.