Selon sa DCPJ rapòte, Alexandre Frantzces, ki fè pati inite espesyalize BIM, ta gen "bon jan rapò" ak nimewo 2 gang Kraze Baryè a, Yvelt Celestin, alyas Tizo.
Nan deklarasyon l devan anketè DCPJ yo, polisye a admèt li konn pale ak Tizo e l konnen Tizo depi lontan, men li pat janm konnen Tizo nan bagay dwòl oubyen nan gang.
Frantzces deklare: "mwen pa konnen misye konn enplike nan jan aktivite sa yo".
Sepandan, selon DCPJ, polisye a ki se yon ajan 4, "gen abitid" ale kay Vitel'Homme Innocent.
Otorite yo ajoute, Alexandre Frantzces, "sikile alèz san kè sote", nan zòn Ediwonn yon zòn ki sou kontwòl chèf gang Kraze Baryè a. Yon akizasyon akize a voye jete byen lwen.
Polis Nasyonal Ayiti renouvle angajman l pou l kontinye travay pou l wetire tout move grenn ki andedan enstitisyon an, e ki gen men yo tranpe nan sa k pa sa.