Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Federal Anpeche Gwoup DOGE Elon Musk La Gen Aksè ak Dokiman Sansib Depatman Trezò Etazini


Foto Achiv: Prezidan Donald Trump bat men li pandan ke PDG Tesla ak SpaceX la, Elon Musk gade pandan yon miting politik nan Butler, Pensilvani, 5 Oktob, 2024.
Foto Achiv: Prezidan Donald Trump bat men li pandan ke PDG Tesla ak SpaceX la, Elon Musk gade pandan yon miting politik nan Butler, Pensilvani, 5 Oktob, 2024.

Yon jij federal bloke aksè Depatman Efikasite Gouvènmantal la (DOGE) ke Elon Musk ap dirije, gen aksè ak dokiman ki gen done pèsonèl sansib tankou nimewo sekirite sosyal, kont an bank ak lòt done plizyè milyon sitwayen Ameriken.

Jij federal Paul Engelmayer pase lòd la Samdi maten apre 19 pwokirè gouvènman Demokrat te asiyen Prezidan Donald Trump.

Dosye legal la akize administrasyon Trump la dèske li pèmèt ekip Musk la gen aksè ak sistèm peman santral Depatman Trezò a, ki se yon vyolasyon lwa federal.

Musk te kreye Depatman Efikasite Gouvènmantal la pou dekouvri epi elimine sa administrasyon Trump la konsidere tankou gaspiyaj kap fèt nan depans gouvèman an.

XS
SM
MD
LG