Responsab yo di dosye jistis sa a entèfere nan kapasite majistra a pou ede prezidan Trump mennen operasyon sere boulon kont imigrasyon ilegal.
Desizyon sa a vini apre plizyè mwa kote bri tap kouri pou fè konprann Trump tap pran mezi pou mete fen nan dosye sa a. Lajistiz te akize manistra Adams kòmkwa li te resevwa plizyè kado anba tab tankou vwayaj gratis oswa rabè ak kontribisyon ilegal pou kanpay elektoral li.
Trump te pale sou posibilite pou l ta ba li yon padon an desanm, li te di repòtè yo te "trete majistra a trè enjisteman."
Adams te ensiste pou di li inosan pou sa yo repwoche li yo.