Anplwaye federal yo ta dwe atann yon lot email Samdi ki mande yo esplike ki sa yo akonpli pandan jou ki sot pase yo.
Se yon nouvo tantativ milyadè antrepremyè Elon Musk pou l sere boulon fòs travay ke li enève ak jefò pou ekonomize lajan li a.
Premye email la te distribye semèn pase a epi pwopaje konfizyon toupatou nan gouvènman federal la.
Musk se konseye Prezidan Donald Trump ki gen plis pouvwa.
Misye deklare nempot ki moun ki pa reponn email la ap jwenn revokasyon yo.
Mwenske mwatye anplwaye federal yo te reponn premye email la dapre Lamezonblanch.