Accessibility links

Breaking News

Dènye Iltimatòm Musk Voye Bay Anplwaye Federal yo Kreye Plis Konfizyon


Foto Achiv: PDG Tesla ak SpaceX la Elon Musk.
Foto Achiv: PDG Tesla ak SpaceX la Elon Musk.

Anplwaye federal Ameriken yo te fè fas ak nouvo ensètitid Madi pa rapò ak avni yo apre Elon Musk te ba yo "yon lòt chans" pou reponn iltimatom li te lanse pou jistifye djòb yo oswa riske revokasyon. Deklarasyon sa a kontredi sa responsab administrasyon Trump yo te di kòm kwa demann lan volontè.

Echanj pawòl sou kestyon an kreye konfizyon nan biwokrasi federal Ameriken an. Gen kèk ajans tankou Depatman Trezò pa egzanp ki mande anplwaye li yo konfòme, tandiske gen lòt tankou Pantagon nan ki di anplwaye yo pa oblije reponn. Sa fini pa tounen yon tès sou konbyen pouvwa Musk genyen pa rapò ak ajans gouvènman Ameriken an.

Anplwaye kap travay pou tout ajans gouvènman an te resevwa yon email pandan wikènn nan ki mande yo rezime travay yo te fè pandan semèn ki pase a epi remèt li Lendi pou pi ta. Nan yon mesaj li pibliye sou rezo X, ki se rezo misye, milyadè a sèmante si moun pa reponn li pral konsidere sa tankou yap demisyonen.

Lè dat limit la t ap pwoche Lendi swa, Biwo Jestyon Pèsonèl la (OPM) ki se ajans resous imen konseye Musk yo ap dirije, te di anplwaye yo yo pa oblije reponn email la.

Men Musk, milyadè ki se PDG Tesla ak SpaceX ke Donald Trump mete an chaj rediksyon drastik nan gouvènman federal la te kontinye egzekite plan li.

Misye mete yon mesaj sou rezo X ta Lendi kote l di "selon diskresyon prezidan an, anplwaye yo pral gen yon lòt chans. Si yo pa reponn dezyèm email la n ap revoke yo."

Lamezonblanch pa reponn demann Reuters fè pou komantè sou deklarasyon Musk la. Anvan nouvo konsèy OPM lan, Trump te di jounalis yo Lendi ke anplwaye federal ki pa reponn pral "yon ti jan revoke" sa ki te vinn ajoute sou ensètitid la.

XS
SM
MD
LG