Accessibility links

Breaking News

Trump Siyen yon Nouvo Dekrè Pandan Premye Entèvyou Televize Konjwen li ak Musk


Konbinezon foto sa yo montre Prezidan Donald Trump (a goch) epi PDG Tesla ak X, Elon Musk.
Konbinezon foto sa yo montre Prezidan Donald Trump (a goch) epi PDG Tesla ak X, Elon Musk.

Prezidan Donald Trump siyen nouvo dekrè pandan premye entèvyou televize konjwen li ak Elon Musk ap difize nan hè pwent yo (Prime Time) Ozetazini.

Klib prive Trump la nan Palm Beach, Florid te sèvi kom sèn Madi swa, pou yon seremoni remiz pri gwoup konsèvatè ki gen ex-jeneral Ameriken Mike Flynn a la tèt li. Flynn te travay pandan yon ti tan kom konseye sekirite nasyonal nan Lamezonblanch anba premye administrasyon prezidan Repibliken an.

Trump te vwayaje Florid Vandredi pase a.

Nan jou ki pase yo, Trump te itilize dekrè prezidansyèl pou takle sijè tankou sekiritye fwontyè a ak dwa moun transjan yo.

Entèvyou Trump ak Musk la ap pase sou rezo televizyon Fox. Se animatè Sean Hannity ki fè entèvyou a.

XS
SM
MD
LG