WASHINGTON —
Revokasyon an mas nan divès ajans gouvènman Ameriken an tanmen nan moman Prezidan Donald Trump ak Elon Musk ap akselere pij yo nan biwokrasi federal Etazini an.
Se sa sous andedan sendika anplwaye federal yo ak moun ki ranseye sou revokasyon yo di Reuters Jedi.
Pandan 48 he ki pase yo yon dig-dal anplwaye federal resevwa email ki di yo revoke. Pi fò anplwaye sa yo se moun ajans yo te anboche sa pa gen lontan ki toujou nan peryòd pwobasyon, e kap travay nan Depatman Edikasyon, Administrasyon Ti Biznis, Biwo Pwoteksyon Finansye pou Konsomatè yo ak Administrasyon Sèvis Jeneral yo. Ajans sa a jere anpil bilding federal.