Accessibility links

Breaking News

Trump Eksprime Sipò li pou Demann Musk Fè pou Anplwaye Federal yo Esplike Sa Yo Akonpli ou Riske Revokasyon


Prezidan Donald Trump koute pandan Elon Musk pale nan Biwo Oval Lamezonblanch la, 11 Fevriye 2025 nan Washington.
Prezidan Donald Trump koute pandan Elon Musk pale nan Biwo Oval Lamezonblanch la, 11 Fevriye 2025 nan Washington.

Prezidan Donald Trump eksprime sipò li pou demann Elon Musk fè pou anplwaye federal yo esplike kisa yo te akonpli semèn pase a osinon riske revokasyon.

Demann lan lakoz plent depoze devan tribinal nan non fòs travayè federal la.

Trump di administrasyon Repibliken an ap "eseye konnen si moun ap travay".

Opozan yo depoze yon plent devan tribinal federal Kalifoni Lendi. Plent la di aksyon Musk yo ilegal. Dokiman an dekri menas revokasyon an mas yo tankou "youn nan fwod pi masiv nan domèn anplwa a ki janm fèt nan listwa Etazini."

Lamezonblanch kritike plent la kom "frivòl".

Gen kèk ajans federal ki pase lòd bay anplwaye yo pou yo pa okipe lòd Musk pase pou yo reponn email li a anvan dat limit li fikse a pou Lendi swa.

XS
SM
MD
LG