Accessibility links

 
Anplwaye Federal yo Depoze Plent nan Tribinal pou Pwoteste Kont Menas Elon Musk Fè pou Revoke yo si yo Pa Esplike sa yo Akonpli
Breaking News

Anplwaye Federal yo Depoze Plent nan Tribinal pou Pwoteste Kont Menas Elon Musk Fè pou Revoke yo si yo Pa Esplike sa yo Akonpli


Prezidan Donald Trump koute pandan Elon Musk pale nan Biwo Oval Lamezonblanch la, 11 Fevriye 2025 nan Washington.
Prezidan Donald Trump koute pandan Elon Musk pale nan Biwo Oval Lamezonblanch la, 11 Fevriye 2025 nan Washington.

Avoka anplwaye federal yo di nan yon plent yo pote devan tribinal ke konseye milyadè Trump la, Elon Musk vyole lwa peyi Etazini pandan wikèn nan lè li mande pou anplwaye yo esplike sa yo akonpli oubyen riske revokasyon.

Avoka yo depoze plent la devan tribinal federal eta Kalifoni Lendi.

Musk ap pouse pou pi devan ak demann li malgre konflizyon sa kreye nan mitan gouvènman an akoz enstriksyon depaman anplwaye yo resevwa nan men responsab wo plase yo.

Anplwaye federal yo gen jiska 11:59 Lendi swa (lè Washington) pou reponn.

Palmantè Demokrat ak Repibliken di egzijans Musk la ta ka ilegal.

Pandan wikenn nan, Prezidan Donald Trump te mande pou Musk aji pi agresivman pou redui depans gouvènman an pa l entèmedyè Depatman Efikasite Gouvènmantal la.

Prezidan Repibliken an pibliye yon meme sou rezo sosyal yo kote li moke anplwaye federal yo.

XS
SM
MD
LG