Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Ameriken Refize Anpeche Komisyon Musk la Jwenn Done Etidyan yo


FILE PHOTO: Members of US Congress meet with Musk and Ramaswamy on Trump's government efficiency plan
FILE PHOTO: Members of US Congress meet with Musk and Ramaswamy on Trump's government efficiency plan

Yon jij ameriken refize anpeche, atravè yon mezi pwovizwa, Komisyon pou Efikasite Gouvènmantal (DOGE) ki sou lobedyans Elon Musk, jwenn aksè nan done ministè Edikasyon nasyonal sou etidyan yo. Sa se yon viktwa legal pou administrasyon Trump la, apre lajistis konteste plizyè nan desizyon l yo.

Asosyasyon etidyan Inivèsite Kalifòni an te vle entèdi DOGE gen aksè nan done etidyan yo, tankou nimewo sekirite sosyal, prè ak enfòmasyon fiskal yo.

Men, nan yon desizyon li bay lendi, jij federal Randolph D. Moss deklare li "konplètman ipotetik" pou gen posib domaj pou etidyan yo, epi moun k ap fè plent yo pa bay "okenn prèv, se jis espekilasyon," ki montre DOGE ta ka "fè move itilizasyon oswa gaye done sa yo," daprè desizyon AFP te konsilte a.

Sepandan, pati yo ka toujou ajoute lòt eleman nan dosye a anvan jij la pran yon desizyon final sou ka a.

DOGE, ke Donald Trump te mete sou pye, epi ki anba direksyon Elon Musk, mande aksè nan done plizyè ajans federal ameriken. Sa kreye kè sote ak kesyònman sou fason komisyon an ka itilize done sa yo epi sou risk pou enfòmasyon konfidansyèl yo ta gaye.

Pa egzanp, yon lòt jij te anpeche DOGE jwenn aksè nan sèten done Depatman Trezò ameriken an.

Plizyè dizèn ansyen fonksyonè federal pote plent nan lajistis kont Elon Musk ak DOGE. Yo akize yo dèske yo te jwenn aksè ilegalman nan done konfidansyèl sou Ameriken yo.

Anplis de sa, plizyè desizyon administrasyon Trump la – kit se sou kesyon aksè nan done yo, kit se sou revokasyon sèten gwo fonksyonè – kontinye ap fè fas ak kontestasyon legal.

XS
SM
MD
LG