Accessibility links

Breaking News

Trump di Li Dakò pou Konsidere Plis Pase Yon Pwojè Bidjè


Prezidan Donald Trump pandan yon some Inisyativ Envestisman pou Lavni nan Miami Beach, 19 Fevriye 2025.
Prezidan Donald Trump pandan yon some Inisyativ Envestisman pou Lavni nan Miami Beach, 19 Fevriye 2025.

Kèk hè d tan apre Sena Etazini te apwouve yon kad pou depans gouvènman federal la, Prezidan Donald Trump deklare nan yon entèvyou ak rezo televizyon Fox News ke li dakò pou apwouve plan depans ke yo ta prezante ba li nan plis pase yon pwojè lwa. Trump ajoute "toutotan nou antann nou sou pwen santral yo."

Yon lòt kote, Trump envite gouvènè eta yo pou yo akonpaye l nan Fort Knox pou wè si vreman vre rezèv lo Etazini yo sere anba kadna lòt bò a.

Fò Knox, ki sitye nan eta Kentucky, se youn nan enstalasyon lame Etazini ki pi sekirize yo. (Menm jan Ayisyen konn di yo sere yon bagay nan vant balèn, Ameriken yo di yo sere l Fort Knox).

Trump envite ekip DOGE Elon Musk la pou al verifye rezèv yo avè l.

Trump di gouvènè yo pandan yon rakont nan Lamezonblanch "nou prale talè konsa. Yo pral louvri pòt Fò Knox yo. E si nempòt ki gouvènè vle akonpaye nou - nou prale."

Trump te fè blag sou istwa moun kont rakonte sou rezèv lo yo ak pakèt mezi sekirite ki pwoteje yo. Prezidan di se tap yon bagay terib si yo ta dekouvri metal presye a disparèt. Sepandan li predi tout lò a la vre.

Sa fè twazyèm jou Trump mansyone tcheke lò nan Fort Knox.

XS
SM
MD
LG