Accessibility links

Breaking News

Sena a Pare pou Fè Nuit Blanch pou Apwouve Bidjè Repibliken an; Demokrat yo Pwoteste


Lide Majorite Sena Etazini Repibliken John Thune (Dakota di Sid) pale ak jounalis yo apre yon rankont ak Vis Prezidan JD Vance nan Capitol la, 19 Fevriye, 2025.
Lide Majorite Sena Etazini Repibliken John Thune (Dakota di Sid) pale ak jounalis yo apre yon rankont ak Vis Prezidan JD Vance nan Capitol la, 19 Fevriye, 2025.

Senatè Repibliken yo lanse yon sesyon bidjè "vote a rama" nan sak reprezante yon etap kritik vizavi ajènda Prezidan Donald Trump la.

Yap travay ta Jedi swa pou fè deba sou yon pwojè lwa bidjè $340 milya ke ekip Trump la di li bezwen pou peye pou depotasyon an mas ak mezi sekirite ki se pi gwo priyorite ajènda Repibliken an.

Moun ka suiv pandan senatè yo vote rapido presto pandan plizyè hè d tan sou yon amandman apre lot apre yo finn diskite sou detay politik ke Demokrat kap eseye bloke pwojè lwa a prezante.

Menm si Sena a apwouve pwojè lwa a, fok li antann ni ak Lachanm, kap prepare limenm pwojè lwa "bèl e bo" Trump la, ki gen ladann $4,5 trilyon rediksyon taks epi jiska $2 trilyon mwens depans federal.

XS
SM
MD
LG