WASHINGTON —
Prezidan Donald Trump mete an danje plan bidjetè senatè Repibliken yo.
Apre senatè Repibliken yo te vote pou tanmen travay sou yon plan pou $340 milya dola ki santre sou finansman pou depotasyon an mas Lamezonblanch yo ak sekirite fwontyè a, Trump te vini ak yon lot ide.
Li kritike apwoch yo epi di li apiye pito plan Depite Repibliken Lachanm yo ki kouvri plis domèn. Sepandan, o pwen d vi politik plan sa a ap difisil pou apwouve paske li gen ladann rediksyon enpo pou yon valè $4,5 trilyon pou gwo boujwa yo ak lot priyorite.
Senatè yo vle travay sou sijè sa yo pi ta, nan yon dezyèm pwojè lwa.
Vis Prezidan JD Vance pran wout Capitol Hill (baz Kongrè a, pou diskite an prive ak senatè Repibliken yo).