Accessibility links

Breaking News

Trump Rele Zelensky yon "Diktatè " Nan Moman Tansyon Ogmante ant yo Akoz Lagè Larisi-Ikrèn nan


Russia Ukraine Putin Trump
Russia Ukraine Putin Trump

Mèkredi 19 frevriye a prezidan Ameriken an Donald Trump te rele Vladimir Zelensky yon "diktatè san eleksyon" apre prezidan Ikrenyen an te rejte atak prezidan ameriken an te lanse yon jou anvan an sa kont li.

Prezidan Donald Trump dekri Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy "yon diktatè san eleksyon."

Trump atake Zelenskyy apre misye te di prezidan Ameriken an enfliyanse pa dezenfòmasyon Larisi ap pwopaje pandan lap travay pou mete fen nan lagè Kremlen an ap mennen kont Ikrèn. Kyiv di kondisyon Trump pwopoze yo twò favorab pou Moskou.

Nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal li Truth Social, Trump di Zelenskyy pran tèt Etazini pou l ba li plizyè milya dola pou yon lagè Trump di "li paka genyen, pat janm dwe kòmanse" e ke yo papka rezoud san asistans Trump.

Zelenskyy te akize Trump Mèkredi maten dèske lap viv nan yon "espas dezenfòmasyon" Larisi fabrike.

XS
SM
MD
LG