Administrasyon Trump la deziye 8 òganizasyon kriminèl Latino Ameriken kòm "òganizasyon teworis etranje". Sa ogmante presyon sou katèl kap opere andedan Etazini ak tout moun ki soutire yo.
Mezi sa a mete an aplikasyon yon dekrè Prezidan Donald Trump te pibliye 20 Janvye ki nomen Tren de Aragua nan Venezyela, MS-13 nan Salvadò ak lòt kòm òganizasyon teworis.
Deziyasyon an ap pibliye Jedi nan edisyon Regis Federal la (ekivalan Le Moniteur an Ayiti), dapre nouvèl ki soti Mèkredi.
Prezidan Repibliken an mete sekirize fwontyè Etazini-Meksik la kòm youn pami pi gwo priyorite li.
Etikèt "òganizasyon teworis eranje" se yon bagay ki ra paske li se yon deziyasyon yo konn rezève pou gwoup ki komèt vyolans pou rezon politik, pa pou gwoup kap eseye fè yon pakèt lajan oubyen gwoup kriminèl.