Accessibility links

Breaking News

Trump Prezide Premye Rankont Kabinè li nan Lamezonblanch


Prezidan Etazini Donald Trump prezide premye rankont kabine li ak patisipasyon Elon Musk nan Lamezonblanch, Washington, 26 Fevriye, 2025.
Prezidan Etazini Donald Trump prezide premye rankont kabine li ak patisipasyon Elon Musk nan Lamezonblanch, Washington, 26 Fevriye, 2025.

Prezidan Etazini Donald Trump prezide premye rankont kabinè li Mèkredi nan Lamezonblanch, ki te enkli milyadè Elon Musk, ki gen kom misyon pou fè gwo rediksyon nan gouvènman federal la.

Rankont kabinè a dewoule nan moman Repibliken yo ap chache mwayen pou redui bidjè federal la epi enpo pou kèk sitwayen Ameriken.

Trump bloke asistans etranje Etazini te dispoze pou peyi atravè mond lan epi revoke plis pase 20,000 anplwaye federal nan yon remaniman drastik ki vize redui $1 trilyon nan bidjè Etazini ki se $6,7 trilyon.

Pandansetan, Trump ap mete presyon sou Kongrè a pou l apwouve rediksyon enpo ki ta redui kantite lajan gouvènman an antre pa plizyè trilyon dola pandan 10 zan kap vini yo. Se yon mezi ekspè endepandan yo di taka lakoz gwo chay dèt peyi Etazini an vinn pi grav.

XS
SM
MD
LG