Accessibility links

Breaking News

Lamezonblanch di se Limenm ki 'Pral Deside' ki Media ki Kouvri Trump


Sekrete de pres Lamezonblanch Karoline Leavitt pandan yon konferans nan Lamezonblanch, 25 Fevriye, 2025 nan Washington.
Sekrete de pres Lamezonblanch Karoline Leavitt pandan yon konferans nan Lamezonblanch, 25 Fevriye, 2025 nan Washington.

Lamezonblanch di responsab yo "pral deside" ki medya k ap kouvri Prezidan Donald Trump.

Se yon depa ak yon tradisyon ki egziste depi yon syèk kote yon gwoup jounalis endepandan akonpaye prezidan an epi rann ni responsab nan non senp sitwayen Ameriken yo.

Sekretè de près Lamezonblanch la, Karoline Leavitt deklare Mèkredi chanjman yo lakoz kèk medya tradisyonèl chanje plas ak gwoup jounalis ki gen ladann sèvis streaming yo.

Leavitt deklare chanjman sa a se yon modènizasyon gwoup jounalis yo rele "pool" la pou retabli "aksè pèp Ameriken an" ki te eli Trump.

XS
SM
MD
LG