Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Trump la Konparèt Devan Tribinal nan Kad Dosye AP a


Moun mache devan tribinal federal E. Barrett Prettyman nan Washington, 24 Fevriye, 2025.
Moun mache devan tribinal federal E. Barrett Prettyman nan Washington, 24 Fevriye, 2025.

Yon jij ap tande plent ajans nouvèl Associated Press pote kont 3 anplwaye Prezidan Donald Trump, ki entèdi media sa a fè repotaj sou aktivite prezidan an.

AP konparèt devan yon tribinal federal nan Washington kote jij la ap pran yo desizyon sou demann ijan li fè a. AP vle pou tribinal la defèt mezi administrasyon Trump la pran pou anpeche jounalis AP yo gen aksè ak Biwo Oval la, avyon prezidansyèl Air Force One, ak lot zon anko.

Chire pit la gen pou wè ak refi AP pou l konfome ak egzijans pou yo rele Golf Meksik la Golf Amerik kounyea ke li finn renomen l.

AP di li pral kontinye rele lanmè a "Golf Meksik" paske se konsa odyans global la refere a lanmè sa a ki pa sèlman nan teritwa Ameriken. Sepandan, AP di li note ke Trump re-batize Golf la tou.

XS
SM
MD
LG