WASHINGTON —
Ajans nouvèl Associated Press asiyen 3 responsab administrasyon Trump la sou kestyon aksè ak aktivite prezidansyèl.
AP site libète lapawòl nan dosye legal kote li mande yon jij federal sispann blokaj 10 jou Lamezonblanch enpoze kont jounalis li yo.
AP depoze plent la devan tribinal federal Washington nan.
AP di nan plent la dosye a gen pou wè ak yon jefò ki pa konstitisyonèl Lamezonblanch ap mennen pou kontwole pawòl sitwayen yo.
Lamezonblanch vekse paske AP derefize rele Gòlf Meksik la "Gòlf Amerik" apre Prezidan Donald Trump te pibliye yon dekrè mwa pase a pou mande pou yo renomen gòlf la.