Accessibility links

Breaking News

Trump Devwale Plan li pou Yon 'Gold Card' Viza Ameriken kap Vo $5 milyon


도널드 트럼프 미국 대통령이 2025년 2월 25일 워싱턴 백악관 집무실에서 행정명령에 서명 후 연설하고 있다.
도널드 트럼프 미국 대통령이 2025년 2월 25일 워싱턴 백악관 집무실에서 행정명령에 서명 후 연설하고 있다.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, devwale plan li madi 26 fevriye a pou l vann nouvo pèmi rezidans li rele "Gold Card " pou 5 milyon dola yo chak -- e li di oligak Larisi yo ka elijib pou achte kat sa yo.

Trump te di lavant nouvo viza a, se yon vèsyon pi wo nan kat vèt tradisyonèl la ke nou konnen sou non “Green Card”. Dapre prezidan an, kat sa ap pèmèt kreyatè travay yo antre Etazini, epi kòb sa a ta ede diminye defisi nasyonal la.

Prezidan Trump di jounalis yo, "Nou pral vann yon kat lò. Si ou gen yon kat vèt, sa a se yon kat lò. Nou pral mete yon pri sou kat sa a, ki ap apeprè $ 5 milyon dola."

Prezidan repibliken an, ki te fè depòtasyon plizyè milyon imigran san papye yon priyorite pou pwogram politik li pou dezyèm manda li a, deklare nouvo kat la pral pèmèt moun ki achte l yo jwenn sitwayènte ameriken alavni.

Trump kontinye pou l di, "Anpil moun pral vle antre nan peyi a, epi yo pral kapab travay e kreye travay ak bati konpayi." "Moun sa yo se ap moun ki gen lajan."

Lavant kat sa yo, dapre prezidan an, ap kòmanse nan apeprè 2 semèn.

"Nou pral kapab vann petèt yon milyon nan kat sa yo".

Chèf Leta ameriken an ajoute, se pou yo egzaminen ak anpil atansyon dosye tout moun ki fè demand pou nouvo kat lò a.

Trump di moun ki sitwayen peyi Larisi kapab fè demand tou; dapre prezidan an, sa se yon posiblite.

Li deklare, "Li posib. Mwen konnen kèk oligak ris ki trè bon moun. Li posib ". "Yo pa rich jan yo te konn ye. Mwen panse yo kapab peye $ 5 milyon dola."

Gen plizyè oligak ris ki te frape anba sanksyon peyi oksidantal yo apre envazyon Moskou a nan Ikrèn, sa gen twazan.

Prezidan ameriken an di repòtè yo leve sanksyon kont Larisi posib, men sa pa sou tab la pou kounye a.

Minis Komès ameriken an, Howard Lutnick, ki te nan Biwo Oval la, di yo ka itilize lajan kat lò sa yo " pou redwi defisi nasyonal peyi a."

XS
SM
MD
LG