Accessibility links

Breaking News

Plis Pase 100 Anplwaye Sèvis Ransèyman Etazini Revoke Akoz Mesaj Seksyèl yo Pibliye


Foto Achiv: Ansyen Depite Etazini Tulsi Gabbard, ke Prezidan Donald Trump chwazi kom direktris ranseyman nasyonal Etazini.
Foto Achiv: Ansyen Depite Etazini Tulsi Gabbard, ke Prezidan Donald Trump chwazi kom direktris ranseyman nasyonal Etazini.

Direktris Ransèyman Nasyonal Etazini Tulsi Gabbard deklare plis pase 100 anplwaye atravè kominote ransèyman an jwenn revokasyon yo akoz yo te sèvi ak yon sistèm mesaje pwoteje ke yo konn sèvi nomalman pou pataje enfòmasyon sekrè pou patisipe nan konvèsasyon seksyèl.

Nan yon entèvyou ak rezo televizyon Fox News Madi swa, Gabbard dekri itilizasyon resous Administrasyon Nasyonal Sekirite a (NSA) kom "yon vyolasyon enorm konfyans" ki ale kont "règ ak standar de baz pwofesyonalism."

Gabbard fè konnen: "Mwen pibliye yon direktiv jodia ki mande pou revoke tout moun sa yo epi revoke abilitasyon sekirite yo."

Militan konsèvatè Chris Rufo ki travay pou City Journal te premye moun ki te pibliye nouvèl la Madi.

Yon pòt pawòl Biwo Direktè Ransèyman Nasyonal la deklare sou rezo X ke Gabbard voye yon memo kote li pase lòd bay tout ajans ransèyman yo pou yo idantifye anplwaye ki te patisipe nan chatroom "obsèn, pornografik ak seksyèlman eksplisit" anvan Vandredi.

XS
SM
MD
LG