Sena Etazini konfime Tulsi Gabbard kòm direktris entelijans nasyonal administrasyon Prezidan Donald Trump la.
Vòt la fet Mekredi, apre Repibliken ki te kestyone eksperyans li ak jijman li nan kòmansman te vote an favè nominasyon li.
Gabbard se yon chwa ki pa konvansyonèl pou pòs sila a ki jere e kowòdone 18 ajans ransèyman peyi Etazini yo.
Nan pase a li te fè kòmantè ki senpatize ak Larisi, li te rankontre prezidan dechi Larisi Bashar Assad, epi eksprime sipò li pou Edward Snowden, yon anplwaye ajans ransèyman NSA ki te pibiye yon bann sekre sou jan Etazini espyone sitwayen li yo.
Gabbard se yon veteran lame Etazini ak ansyen depite Demokrat eta Hawaii.
Li pa gen okenn eksperyans ofisyèl nan domèn ransèyman an e li poko janm jere yon ajans oubyen yon depatman gouvènman Ameriken an.