Administrasyon Prezidan Donald Trump deklare ajans federal yo ta dwe kòmanse planifye pou elimine pozisyon anplwaye yo.
Pwosesis sa a rele "reduction in force" savledi rediksyon fòs travay la.
Lidè ajans federal yo gen pou yo soumèt plan yo anvan 13 Mas.
Trump ap pare chimen an pou sa ki takapab tounen yon realiyman dramatik gouvènman federal la.
Li deja fè gwo rediksyon nan fòs travay la apre li revoke tout anplwaye ki te sou pwobasyon yo.
kounyea, administrasyon an ap vize anplwaye de karyè ki gen pwoteksyon antanke responsab sèvis sivil.
Trump te siyale li tapral pousuiv objektif sa a nan yon dekrè li te siyen ak Elon Musk, antreprenè milyadè kap konseye prezidan Repibliken an sou kijan pou l chanje gouvènman federal la.