Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Trump la mete anplwaye USAID yo an konje atravè mond lan epi revoke omwen 1,600


Trump USAID
Trump USAID

WASHINGTON (AP) — Administrasyon Trump la di li mete prèske tout anplwaye Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal (USAID) an konje atravè mond la epi li elimine omwen 1,600 djòb ki baze Ozetazini.

Avi yo te voye bay anplwaye USAID yo, ke Associated Press te wè dimanch, vini apre yon jij federal te pèmèt administrasyon an kontinye ak plan li pou wetire dè milye anplwaye USAID nan travay Ozetazini ak aletranje.

Ajans la deklare l ap koupe 2,000 djòb ki baze Ozetazini. Sepandan, yon vèsyon avi a ki te pibliye pita sou sit wèb USAID a mete kantite pòs ki elimine yo pi ba, swa 1,600. Administrasyon an pa bay okenn eksplikasyon pou diferans la.

XS
SM
MD
LG