Accessibility links

Breaking News

ONU: Blokaj Èd Etazini t ap Bay yo ka Lakòz Milyon Mò Anplis Akòz SIDA


USA-TRUMP/USAID-LAWSUIT
USA-TRUMP/USAID-LAWSUIT

Desizyon Prezidan Donald Trump pran pou l sispann finansman Washington t ap bay aletranje ka lakòz plizyè milyon moun mouri akòz SIDA, dapre direktè pwogram Nasyonzini pou maladi sa a, ki lanse avètisman an dimanch.

Etazini se pi gwo donatè mondyal nan èd devlopman ofisyèl, e pifò nan fon sa yo pase atravè USAID (Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal).

Lè Trump te retounen nan prezidans la an janvye pase a, li te pase lòd pou friz majorite asistans etranje Etazini bay, pandan twa mwa, sa ki mete òganizasyon imanitè atravè lemond an difikilte pou jere konsekans yo.

"Sa gen enpak grav nan plizyè peyi," selon direktris ONUSIDA a, Winnie Byanyima, ki t ap pale ak AFP.

"Mwen bezwen lanse yon avètisman pou tout moun ka konprann sa reprezante yon gwo pati nan finansman batay kont SIDA. Si sa disparèt, moun pral mouri."

Mezi administrasyon Trump lan pran an te gen ladan n yon sispansyon 90 jou sou tout travay Pwogram Ijans Prezidan an pou Ede moun ki gen SIDA (PEPFAR), men apre li te fè yon eksepsyon pou medikaman.

XS
SM
MD
LG