Gen 21 anpwaye sèvis sivil ki demisyonnen nan Depatman Efikasite Gouvènmantal milyadè Elon Musk la, ki se tou yon konseye Prezidan Trump. Anplwaye sa yo di yo refize sèvi ak ekspètiz teknolojik yo pou "demantle sèvis piblik esansyèl."
Anplwaye yo kole tèt ansanm pou ekri yon lèt demisyon ke ajans nouvèl Associated Press wè kote yo "sèmante pou sèvi pèp Ameriken an" epi respekte pwomès yo vizavi konstitisyon Etazini kèlkeswa administrasyon prezidansyèl ki an plas. Men yo di "li vinn klè ke yo paka onore angajman sa yo ankò."
Anplwaye ki demisyonen yo te travay pou sa yo te konn rele Sèvis Dijital Etazini an.
Musk vante l kòm kwa lap ratibwaze biwokrasi ak yon tronsonez nan kad jefò administrasyon Repibliken an pou l pije fòs travay federal la.