Divès Eta Asiyen Administrasyon Trump la pou Revokasyon an Mas Anplwaye Federal ki sou Pwobasyon

Foto Achiv: Pwokire Eta Maryland Anthony Brown pandan yon konferans pou lapres, 24 Sept. 2024 nan Baltimore.

Eta Maryland ak 19 lot eta asiyen plizyè ajans federal nan yon pwosè ki akize administrasyon Prezidan Donald Trump la dèske li revoke ilegalman plizyè milye anplwaye federal ki sou pwobasyon.

Pwokirè Maryland lan, Anthony Brown alatèt kowlisyon avoka leta ki depoze dosye legal la devan tribinal federal Jedi swa nan Maryland.

Dokiman legal la di revokasyon an mas yo pral koze difikilte ireparab ak gwo depans pou eta yo paske yo pral oblije apiye anplwaye ki pèdi djob yo sanzatann epi jere demann asistans pou moun ki san anplwa.

Dosye a di tou revokasyon yo pral andomaje sityasyon finansye eta yo akoz lajan enpo y ap pèdi ak lot sèvis yo pral oblije dispoze pou moun ki pèdi travay yo sanzatann.