Elon Musk al vizite Kongrè a kote lap fè chita tande an prive ak Repibliken yo sou jefo Depatman Efikasite Gouvènmantal li a ap fè pou redui bidjè peyi Etazini.
Senatè Repibliken yo di milyadè a, ki se yon konseye Prezidan Donald Trump ke genyen zouti lejislativ ke yo pa sèvi souvan ke li taka anplwaye pou fè jefo li yo tounen lwa.
Rankont la ap dewoule nan moman tribinal yo ap gade ak anpil skeptisism legalite aksyon administrasyon Trump la. Pandansetan, palmantè yo ap fè fas ak anpil pwotestasyon pandan rankont yap fè ak elektè yo kote moun ap poze kestyon pa rapo ak plizyè dizèn milye anplwaye federal y ap revoke.
Musk te rankontre pi ta ak Repibliken nan Chanm Depite a kote li di lap fè "bon jan pwogrè".
Repibliken yo prese pou montre elektè yo koupi yo vreman vre ap ede yo ekonomize lajan.