Accessibility links

Breaking News

Repibliken Chanm Depite a Apwouve Plan ‘’Gwo’’ Bidjè a, yon Etap Kle pou Reyalize Ajanda Trump la


FILE - Speaker of the House Mike Johnson talks briefly to reporters just before a vote on an interim spending bill to prevent a government shutdown, at the Capitol in Washington, Dec. 19, 2024.
FILE - Speaker of the House Mike Johnson talks briefly to reporters just before a vote on an interim spending bill to prevent a government shutdown, at the Capitol in Washington, Dec. 19, 2024.

WASHINGTON (AP) — Repibliken nan Chanm Depite yo apwouve plan bidjè yo a, ak sipò Prezidan Donald Trump. Vòt la, ki te fèt madi swa, se yon etap enpòtan pou mete an plas sa Trump rele “bèl, gwo pwojè lwa” li a, ki gen $4.5 milya rediksyon taks ak $2 milya nan rediksyon depans.

Sa tanmen yon pwosesis ki pral dire plizyè semenn pou ekri detay yo epi mete l ansanm ak pake Sena a.

Vòt la te 217-215, tout Demokrat yo te vote kont. Menm kèk Repibliken gen dout sou li.

Pandan Elon Musk ap fè chanjman drastik nan gouvènman federal la, Repibliken yo ap resevwa gwo presyon nan reyinyon ak elektè yo lakay yo.

Se yon pwoblèm Repibliken yo abitye fè fas ak li: koupe depans federal pi fasil pou di pase pou fè, paske elektè yo depann sou Medicaid ak lòt pwogram ak sèvis gouvènman an.

XS
SM
MD
LG