Li te deklare "Nou pral jwenn dè milya, dè santèn de milya dola nan fwod ak abi. Epi ou konnen, se djòb pèp la te eli pou m 'fè".
Prezidan Ameriken di li espere ke Elon Musk pral lanse yon odit pou li kapab jwenn plizyè milya dola fwod ak abi nan Pentagòn na.
Bidjè Pentagòn lan ap apwoche $1 milya pa ane. An Desanm, ansyen Prezidan Joe Biden te siyen yon lwa ki bay Pentagon nan $895 milyon nan depans pou ane fiskal la ki ap fini 30 septanm.
Vandredi 7 fevirye a yon jij federal te bloke aksè Depatman Efikasite Gouvènmantal la (DOGE) ke Elon Musk ap dirije, ak dokiman ki gen done pèsonèl sansib tankou nimewo sekirite sosyal, kont an bank ak lòt done plizyè milyon sitwayen Ameriken.