Moun Vermont Pwoteste tou Pre Stasyon Ski kote Vance ak Fanmi l Tap Pase Vakans

Manifestan kanpe sou Ri Prensipal vil Waitsfield, eta Vermont pou pwoteste kont vizit Vis Prezidan JD Vance, 1 Mas, 2025.

Yon foul moun ki tap pwoteste kont Vis Prezidan Etazini JD Vance te kanpe bo lari Samdi tou pre yon stasyon ski nan eta Vermont kote misye te gen plan pou pase vakans ak fanmi li.

Plizyè santèn manifestan te kenbe pannkat ki eksprime sipo pou Ikrèn tandiske lot manifestan te flote drapo Palestinyen. Gen lot kite kenbe pannkat ki eksprime sipo pou dwa imigran yo.

Manifestan yo te kanpe plizyè kote Samdi maten - ladann gen otowout 100 nan Waitsfield.

Malgre manifestasyon yo te planifye depi kèk jou an avans, yo te pran plis anplè apre yon konvèsasyon chofe nan Biwo Oval la Vandredi, ant Vance, Prezidan Donald Trump ak Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy.