Accessibility links

Breaking News

Trump ak Zelenskyy Twoke Pawòl Piman Bouk nan Lamezonblanch


U.S. President Donald Trump and Ukraine's President Volodymyr Zelenskyy meet in the Oval Office of the White House in Washington, Feb. 28, 2025.
U.S. President Donald Trump and Ukraine's President Volodymyr Zelenskyy meet in the Oval Office of the White House in Washington, Feb. 28, 2025.

Yon rankont nan Lamezonblanch ant Prezidan Etazini Donald Trump ak Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy ki te gen kom bi pou sekirize yon antant ki ta pèmèt Etazini gen aksè ak mineral ra Ikrèn genyen te tounen yon echanj pawol piman bouk ant 2 lidè yo. Yo tou le 2 tap pale an menm tan e Trump te rele sou Zelenskyy pou di: "swa ou fè yon antant oswa n ap bay vag."

Nan yon deklarasyon li pibliye sou rezo sosyal yo apre rankont la, Trump endike antant la kaba.

"Mwen detèmine Prezidan Zelenskyy pa pare pou lapè si Etazini patisipe, paske li kwè patisipasyon nou ba li yon gwo avantaj nan negosyasyon yo."

Trump ajoute: "Li derespekte Etazini d Amerik nan Biwo Oval cheri nou an. Li ka tounen lè li pare pou Lapè."

Echanj pawol piman bouk la ki dewoule devan plizyè douzèn jounalis Ameriken ak Ikrenyen nan Biwo Oval la te pran yon ton konba 40 minit apre rankont la te komanse lè Zelenskyy te soulve atak Larisi kont Krime an 2014.

Vis Prezidan Ameriken JD Vance te kritike Zelenskyy vit e prese, epi akize l dèske lap patisipe nan yon "vire won pwopagann".

"Mwen kwè li derespektan pou w vini nan Biwo Oval la epi defann pozisyon w devan laprès Amerikèn," Vance di Zelenskyy.

Ni Vance, ni Trump akize lidè Ikrenyen an kom kwa li pa rekonesan ase pou asistans peyi li resevwa nan men Washington.

"Kat ou kenbe yo pa an favè w kounyea," Trump deklare epi pale pifo lè Zelenskyy te eseye reponn li. "Wap jwe kounyea ak lavi plizyè milyon moun. Wap jwe ak Twazyèm Gè Mondyal la. "

Zelenskyy kite Lamezonblanch bonè epi yo te anile yon konferans pou laprès konjwen ki te planifye.

Malgre fen brisk rankont la, lidè Ikrenyen an te pibliye yon mesaj sou rezo sosyal yo pou pèp Ameriken an ak lidèship Etazini.

"Mèsi Etazini," Zelenskyy deklare sou rezo X. "Mèsi @POTUS (Prezidan Etazini), Kongrè, ak pèp Ameriken an. Ikrèn bezwen yon lapè ki jis ak dirab, e se egzakteman pou sa n ap travay."

Anvan rankont la te dejenere, Trump te deklare li prèt pou siyen yon antant ak Zelenskyy.

"Nou gen yon bagay nou kwè ki yon antant ki trè jis e nou paka tann pou n ale lot bo a epi fouye, fouye, fouye, epi travay epi pran kèk mineral ki ra." Zelenskyy te vizibman jennen lè Trump te di sa.

Antan pwopoze a gen ladann pwovizyon pou Etazini ak Ikrèn pataje jestyon yon fon reskonstriksyon pou Ikrèn apre lagè a. Ikrèn ta rezève 50% revni li antre sou resous natirèl li yo pou mete yo nan fon sa a.

Sepandan yon potpawol Lamezonblanch di yo pa siyen antant la.

Korespondan VOA nan Lamezonblanch Patsy Widakuswara ak korespondan sekirite nasyonal VOA Jeff Seldin ekri vesyon orijinal repotaj sa a ann Angle

XS
SM
MD
LG