Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy twoke pawòl piman bouk ak Prezidan Ameriken Donald Trump pandan yon rankont nan Lamezonblanch ki fini an dezas Vandredi epi soulve reyaksyon toupatou nan mond lan.
Zelenskyy sou X
"Mèsi Etazini, mèsi pou sipò w, mèsi pou vizit sa a. Mèsi @POTUS (Prezidan Etazini), Kongrè a ak pèp Ameriken an. Ikrèn bezwen yon lapè jis ak dirab e se egzakteman pou sa n ap travay."
Chanselye Alman Olaf Scholz
"Pèsonn pa vle lapè plis pase sitwayen Ikrèn! Se poutèt sa nap travay ansanm pou jwenn yon chimen ki va debouche sou yon lapè jis ak dirab. Ikrèn ka konte sou Almay ak sou Ewòp."
Prezidan Franse Emmanuel Macron pandan li t ap pale ak jounalis nan Potigal
"Larisi se agresè a e Ikrèn se viktim agresyon an. Mwen kwè nou tout te gen rezon ede Ikrèn epi sanksyone Larisi sa gen 3 zan desa, e n ap kontinye fè sa. Nou vledi Etazini d Amerik, Ewopeyen yo, Kanadyen yo, Japonè yo ak anpil lòt peyi ankò. Fòk nou remèsye tout sa yo ki ede respekte moun kap goumen depi nan kòmansman. Paske yap goumen pou diyite yo, endepandans yo, pitit yo ak sekirite Ewòp. Bagay sa yo senp, men li bon pou n sonje yo nan tan konsa, se tout."
Premye Minis Itali Giogio Meloni
"Chak divizyon l oksidan rann nou tout pi fèb e favorize moun ki ta wè deklen sivilizasyon nou an. Pa pouvwa li ni enfliyans li men prensip ki fonde l an premyèman e sak pi enpòtan se libète. Yon divizyon pata benefisye pèson. Sa nou bezwen se yon somè imedyatman ant Etazini, eta Ewopeyen yo ak alye yo pou pale franchman sou kijan nou pral fè fas ak gwo defi ki poze jodia an kòmansan pa Ikrèn ke nou ap defann ansanm depi plizyè zane ak sa yo ke nou mande ede nou fè fas ak defi sa yo nan lavni. Sa se plan Itali gen entansyon prezante bay patnè li yo nan hè k ap vini yo. "
Potpawol Premye Minis Britanik Keir Starmer
"Li mentni sipò li san gade dèyè pou Ikrèn e lap jwe wòl pa li nan travay pou jwenn yon chimen ki va debouche sou yon lapè dirab ki baze sou souvrènte ak sekirite Ikrèn."
Minis Afè Etranje Kanadyen Melanie Joly sou X
"Kanada rete angaje e dispoze pou voye asistans ki nesesè pou asire sekirite, souvrènte ak reziyans Ikrèn."
Minis Afè Etranje Danmark Lars Lokke Rasmussen sou Facebook
"Se yon kout ponya nan lestomak pou Ikrèn.... Fòk gen plas pou konvèsasyon pi laj menm pami zanmi. Men lè bagay konsa pase devan kamera, gen yon sèl gayan. E li chita nan Kremlen an."
Ansyen Prezidan Ris Dmitry Medvedev, Direktè Adjwen Konsèy Sekirite Larisi sou Telegram
"Yon dezabiyman nan Biwo Oval la."
Prezidan Komisyon Ewòp la Ursula Von Der Leyen sou X
"Diyite w onore pèp vanyan Ikrèn. Rete fò, kouraje, tèt frèt. Ou pa janm poukont ou chè Prezidan. Nou pral kontinye travay ak ou pou jwenn yon lapè jis ak dirab."
Prezidan Mòldavi Maia Sandu sou X
"Verite a senp. Larisi anvayi Ikrèn. Larisi se agresè a. Ikrèn ap defann libète li ak pa nou. Nou kanpe ak Ikrèn."
Premye Minis Espayòl Pedro Sanchez sou X
"Ikrèn, Espay kanpe avè w. "