Chèf diplomasi Ameriken an te di nan yon entèvyou ak CNN lidè Ikrenyen an ta dwe "prezante eskiz paske li fè nou pèdi tan nou pou yon reyinyon ki ta pral fini konsa".
"Nou te detaye trè klèman plan nou an, kote nou te vle yon negosyasyon pou mete fen nan lagè a ".
Men, "pou 10 jou nan tout angajman yo ke nou te genyen ak Ikrenyen yo, te gen konplikasyon, ki gen ladan deklarasyon piblik Prezidan Zelenskyy. Rubio te kesyone volonte prezidan Ikrenyen an "pou jwenn yon akò lapè."
Rubio te di "Petèt li pa vle yon akò lapè. Li di ke li vle youn, men petèt li pa swete fè sa".
Prezidan ikrenyen an te di Vandredi ke li pa dwe tokay Ameriken li a yon ekskiz, kèk èdtan apre konfwontasyon vèbal yo nan Mezon Blanch lan devan kamera media ki soti toupatou nan lemond.