Repibliken ak Demokrat kle nan Kongrè Etazini apiye ak fos Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy.
Sepandan yon kont ki pete ant lidè Ikrenyen an ak Prezidan Donald Trump menase pou chanje sa.
Zelenskyy te vwayaje Washington Vandredi pou siyen yon antant ki tap bay Etazini aksè ak richès mineral li nan moman Trump ap eseye mete presyon sou Ikrèn pou l siyen yon antant pou mete fen nan lagè ak Larisi a.
Olye de sa, konsekans yon echanj pawol piman bouk ant Trump, Zelenskyy ak Vis Prezidan JD Vance divize pi plis sipo Ameriken pou Ikrèn.
Senatè Lindsey Graham, ki te apiye Ikrèn deklare rankont la sete yon "dezas konplè". Graham di "li poko janm pi fyè" de Trump.
Sekretè d Eta Marco Rubio
"Mèsi @POTUS (Prezidan Etazini) paske ou defann Etazini yon fason okenn lot prezidan poko janm gen kouraj fè anvan. Mèsi dèske ou mete Amerik an Premye. Etazini avè w!"
Prezidan Chanm Depite Mike Johnson (Repibliken Lwizyann)
"Lanmo ak destriksyon lagè Larisi pwovoke a dwe sispann tou suit e se sèlman Prezidan Ameriken nou an ki ka mete peyi sa yo sou chimen pou jwenn yon lapè dirab. Prezidan Zelenskyy te dwe admèt sa epi aksepte patenarya ekstraodinè sou dwa mineral ke Prezidan Trump mete sou tab la. Sa nou wè jodia nan Biwo Oval la sete yon Prezidan Ameriken ki mete Amerik an Premye."
Depite Don Bacon, Nebraska
"Yon move jounen pou politik etranje Etazini. Ikrèn vle endepandans, mache lib ak yon eta de dwa. Li vle fè pati l Oksidan. Larisi rayi nou ak prensip Oksidantal nou yo. Fok nou klè ke nou kanpe pou libète."
Depite Mike Lawler, Nouyok
"Diplomasi difisil e pa fwa gen diferans serye opinyon ak echanj chofe dèyè pot fèmen. Pou koze sa a dewoule devan je piblik la te yon dezas - sitou pou Ikrèn."
Depite Brian Fitzpatrick, Pènsilvani
"Sa koze kè kase pou temwaye evenman ki dewoule jodia pandan yon rankont sou avni Ikrèn. Li lè pou mete emosyon sou kote epi tounen bo tab negosyasyon an."