Accessibility links

 
Trump Siyen Lòd Egzekitif ki Tabli Angle Kòm Lang Ofisyèl Peyi Etazini
Breaking News

Trump Siyen Lòd Egzekitif ki Tabli Angle Kòm Lang Ofisyèl Peyi Etazini


Prezidan ameriken an, Donald Trump, siyen samdi yon lòd egzekitif ki mete angle kòm lang ofisyèl Etazini, pou "ankouraje inite" nan peyi a.

Tèks la eksplike "Li nan pi bon enterè Amerik la pou deziyen yon sèl - ak yon sèl - lang ofisyèl nan peyi a" .

Tèks la kontinye eksplike "Li nan enterè Amerik pou nou deziye yon - sèl lang ofisyèl "

"Lòd sa a onore tradisyon depi lontan sitwayen ameriken ki pale plizyè lang ki te aprann angle epi ki te transmèt li bay pitit yo pou jenerasyon k ap vini yo".

Dekrè prezidansyèl la di tou, li vize "pwomouvwa inite epi kenbe yon kilti Ameriken konjwen pou tout sitwayen" nan peyi a.

Etazini pa t janm gen yon lang ofisyèl.

Dekrè sa a ke bilyonè Repibliken an te siyen anile yon lòt tèks ki te soti nan ane 2000, ke Prezidan Bill Clinton te siyen e ki te vize amelyore aksè nan sèvis piblik pou "moun ki gen yon metriz limite lang angle a."

Kounyea ajans federal yo p ap oblije bay sèvis nan lòt lang pase angle, byenke yo ap toujou gen otorizasyon pou fè sa.

43 milyon moun pale panyòl Ozetazini, dapre estatistik Biwo Resansman an te pibliye an 2023 .

XS
SM
MD
LG