Plizyè Milye Moun Pran Lari nan Divès Vil pou Pwoteste Kont Politik Trump yo

Manifestan rasanble devan capitol eta Minnesota nan vil St. Paul, 5 Fevriye 2025.

Plizyè milye manifestan rasanble devan tribinal federal Filadèlfi ak nan kapitol eta Michigan, Texas, Wisconsin ak Indiana pou pwoteste kont seri mezi administrasyon Prezidan Donald Trump pran nan premye jou li yo.

Manifestan yo te gen pannkat ki kritike Trump, milyadè Elon Musk ak dokiman ekstrèm dwat la pou gouvènman Ameriken an ki rele Project 2025.

Manifestasyon yo se rezilta yon mouvman ke yo te oganize an liy anba dyèz #buildtheresistance epi #50501, kivledi 50 manifestasyon, 50 eta, youn pa jou.

Sit entènèt ak kont atravè rezo sosyal yo te mande Ameriken pase a l aksyon ak mesaj tankou: "rejte fachis" ak "defann demokrasi nou."