Accessibility links

Breaking News

Trump di Ameriken Taka Resanti 'Kèk Doulè' Akoz Nouvo Tarif li yo ki Deklanche yon Gè Komèsyal


Prezidan Donald Trump nan sal pres James Brady a nan La Mezonblanch, Washington, 30 Janvye 2025.
Prezidan Donald Trump nan sal pres James Brady a nan La Mezonblanch, Washington, 30 Janvye 2025.

Prezidan Donald Trump deklare Dimanch Ameriken taka resanti "kèk doulè" akoz gè komèsyal tarif li yo kont Kanada, Meksik ak Lachin. Li ajoute Kanada ta "sispann egziste" si se pat pou sipli komès li ak Etazini.

Anbasadè Kanadyen Ozetazini di Associated Press: "Kanadyen pèplekse. Nou konsidere tèt nou tankou vwazen Etazini, pi bon zanmi nou ak alye nou."

Penalite komèysal Trump enpoze Samdi depi kay li nan Florid koze yon melanj panik, kòlè ak ensètitid. Sa menase tou gate patenarya ki egziste depi plizyè dizèn lane pa rapò ak komès nan Amerik di Nò a. Met sou sa tarif yo rann relasyon ak Lachin pi difisil. Men Trump tap respekte pwomès li te fè pandan kanpay li. An menm tan tou, l ap vyole pwomès li te fè elektè yo pandan eleksyon 2024 la kòm kwa administrasyon li an pral redui to enflasyon an rapido presto.

Trump pibliye yon mesaj sou rezo sosyal Truth Social kote li di: "Eske ap gen doulè? Wi petèt (E petèt pa), Men nou pral fè Etazini Gran Ankò e tout sa pral vo pri nou oblije peye a."

Administrasyon Trump la poko di konbyen pri yo pral ogmante ni ki amelyorasyon ki ta nesesè nan domèn migrasyon ilegal ak kontrebann dwòg fentanyl pou wetire tarif li te enpoze anba jistifikasyon legal ijans ekonomik la.

Tarif yo pral antre ann aplikasyon Madi 5 Janvye.

XS
SM
MD
LG