Yon jij federal nan eta Maryland pase lòd pou yo bloke toupatou Ozetazini dekrè Prezidan Donald Trump pibliye ki ande pou sispann bay tibebe migran ilegal ki pran nesans Ozetazini sitwayènte Ameriken.
Trump pibliye dekrè a semèn envestiti li. Yon jij te deja kanpe li pwovizwaman nan nivo nasyonal akoz pwosè legal 4 eta depoze devan yon tribinal nan eta Washington.
An tou gen 22 eta ak lòt òganizasyon ki asiyen Trump pou anpeche dekrè a antre an aplikasyon.
Jij Deborah Boardman te tande agiman avoka yo nan tribinal federal Maryland lan Mèkredi.
Se gwoup CASA ki se yon gwoup kap defann dwa imigran yo ak Asylum Seeker Advocacy Project epi yon ti gwoup fanm ansent ki te patisipe nan odisyon Mèkredi a.