Accessibility links

Breaking News

Trump Pa Ekate Posibilite pou Etazini Deplwaye Twoup pou Apiye Rekonstriksyon Gaza


Prezidan Donald Trump pale pandan yon konferans pou lapres ak Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu nan Lamezonblanch, 4 Fevriye 2025.
Prezidan Donald Trump pale pandan yon konferans pou lapres ak Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu nan Lamezonblanch, 4 Fevriye 2025.

Prezidan Donald Trump deklare Madi li pa ekate posibilite pou Etazini ta deplwaye twoup Ameriken pou apiye rekonstriksyon Gaza. Li di li anvizaje pou Etazini ta pwopriyetè teritwa a 'a lon tèm' epi re-devlope l.

"Nou pral fè sa ki nesesè," Trump di sou posibilite pou Etazini ta deplwaye twoup Ameriken pou konble nempòt ki vid sekirite. "Si sa nesesè nap fè l."

Kòmantè yo fèt pandan yon konferans pou laprès nan Lamezonblanch ak Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu k ap vizite Washington.

Trump di li vle pou Etazini pran kontwòl Bann Gaza a epi re-devlope li apre yo voye Palestinyen yo al viv yon lòt kote.

"Nap pwopriyetè li e nap responsab pou demantibile tout bonm danjre ki pa eksploze yo ak tout lòt zam ki genyen lòt bò a."

Trump kontinye pou l di li ta ratibwaze tout bilding yo epi "kreye devlopman ekonomik ki pral founi yon kantite djòb san limit ak kay pou moun nan rejyon an.

Prezidan Donald Trump rankontre Premye Minis Benjamin Netanyahu nan Biwo Oval Lamezonblanch la, 4 Fevriye 2025 nan Washington.
Prezidan Donald Trump rankontre Premye Minis Benjamin Netanyahu nan Biwo Oval Lamezonblanch la, 4 Fevriye 2025 nan Washington.

Anvan sa, Trump te sigjere pou yo ta jwenn yon kote pou refije Palestinyen Gaza yo viv an pèmanans andeyò teritwa lagè finn sakaje a.

Bò kote pa li, Netanyahu deklare " li vo lapèn pou prete atansyon ak ide Trump la."

Netanyahu di: "Nap diskite sou sa. L ap eksplore li ak anplwaye li. M kwè se yon bagay ki taka chanje listwa. E li vo lapèn pou n pousuiv li vreman-vre."

XS
SM
MD
LG